Ou gen goud.
Ou bezwen dola nan kont an liy ou.
Voye goud yo sou MonCash oswa NatCash. Nou mete dola yo sou kont Meru, PayPal, Wise, Zelle, Binance oswa wallet kripto ou. Ou wè konbe w ap peye anvan ou voye anyen.
Kont lan gratis. Ou peye sèlman lè ou fè yon rechaj.
Konbe sa ap koute m?
- To jodi a
- …
- Frè sèvis
- …
- W ap peye
- …
Kont nou rechaje
Si kont ou a pa nan lis la, ekri nou. Souvan nou ka fè l kanmenm.
Ou peye ak MonCash oswa NatCash.
Kijan sa mache
- 1
Ou fè demann lan
Chwazi kont lan, mete kantite dola a ak idantifyan kont ou. Total an goud la parèt touswit.
- 2
Ou voye goud yo
Fè transfè a sou nimewo MonCash oswa NatCash nou an, epi kole nimewo tranzaksyon an nan demann lan.
- 3
Nou rechaje kont ou
Nou verifye peman an epi nou voye dola yo. Ou wè estati demann lan chanje nan kont ou.
Pa gen pri kache
To chanj la ak frè a ekri aklè. Total ou wè a se total ou peye a.
Ou konnen kote demann ou ye
An atant, ap trete, konplete. Ou pa bezwen ekri pou mande nouvèl.
Yon moun reponn ou
Si yon bagay pa klè, ekri nou sou WhatsApp. Nou reponn an kreyòl.
Kont ou rete pou ou
Se lajan ou. Nou pran sa oserye, epi nou ba ou zouti pou pwoteje kont ou.
PIN ak doub otantifikasyon
Mete yon PIN pou louvri aplikasyon an, epi ajoute yon kòd ki soti nan telefòn ou pou chak koneksyon.
Verifikasyon idantite
Pou gwo montan, nou verifye pyès idantite ou. Sa pwoteje ou kont moun ki ta sèvi ak non ou.
Done ou pa pou lòt moun
Se ou sèl ak ekip nou an ki ka wè demann ou yo.
Nou pa janm mande modpas ou
Ni modpas PayPal ou, ni «seed phrase» wallet ou. Si yon moun mande ou sa nan non nou, se pa nou.
Mete ToutRechaj sou telefòn ou
Ou pa bezwen pase nan Play Store ni App Store. Sit la enstale tankou yon aplikasyon: yon ikòn sou ekran ou, epi li louvri an plen ekran.
- Android (Chrome, Edge, Samsung)Peze bouton «Enstale» la, oswa louvri meni navigatè a epi chwazi «Enstale aplikasyon» oswa «Ajoute sou ekran dakèy».
- iPhone ak iPad (Safari)Peze bouton Pataje a, apre sa «Sou ekran dakèy».
- Firefox ak lòt navigatèLouvri meni an epi chwazi «Ajoute sou ekran dakèy».
- ÒdinatèNan Chrome oswa Edge, klike sou ikòn enstalasyon ki nan ba adrès la.
Kesyon moun poze nou souvan
Kisa m bezwen pou m fè yon rechaj?
Yon kont ToutRechaj, lajan sou MonCash oswa NatCash ou, ak idantifyan kont ou vle rechaje a: imèl, non itilizatè, nimewo kont oswa adrès wallet.
Kijan nou kalkile pri a?
Kantite dola a miltipliye pa to jou a, plis frè sèvis la. Ou wè tout detay yo anvan ou peye, epi total la pa chanje apre ou fin soumèt demann lan.
Poukisa nou mande pyès idantite?
Pou ti montan, ou pa bezwen l. Pou pi gwo montan, nou dwe konnen ak ki moun n ap travay. Se yon sèl fwa ou fè l.
E si peman m nan gen yon pwoblèm?
Si nou pa ka verifye peman an, n ap make demann lan «Rejte» epi n ap ekri poukisa. Kontakte nou sou WhatsApp ak nimewo tranzaksyon ou a pou nou regle sa.
Pou kripto, ki sa m dwe verifye?
Adrès wallet la ak rezo a (pa egzanp TRC20 oswa BEP20). Yon transfè ki ale sou move rezo pa ka tounen. Verifye de fwa anvan ou soumèt.
Pare pou premye rechaj ou?
Kreye kont ou, sa pran yon minit.
